R-One Photography

R-One Photography R-One Photography yon paj kap edew wè kòman tijèn nan ap evolye nan domèn photographe la,pa ezite bak yon grenn like pou ankouraje nou

29/09/2025
Wawww.Follow on tiktok
29/06/2023

Wawww.

Follow on tiktok

waww✨✨✨✨

31/01/2022
16/01/2022

Eskew entelijan?
Jeneralman lèw wèm ou wè yon Enjenyè an Enfòmatik, menw pat janm konnen si map fè yon spesyalite an Management. Ebyen kitem itilize konesans mwen nan domèn sa poum edew konprann nivo entelijans ou, paske anpil fwa ou konn plis entelijan kew pa konnen.

Nan zafè entelijans genyen 2 faktè ki trè enpòtan:
- Genyen youn yo rele"IQ" (Intelligence Quotient)
- Genyen yon lòt yo rele "EQ" (Emotional Quotient or Emotional Intelligence)

Diferans ki genyen ant IQ ak EQ sèke lèw gen yon IQ ki avanse lap fèw entelijan lekòl, wap fè bèl nòt nan matematik, bèl nòt nan fizik etc. Poutan, lèw gen yon EQ ki avanse li pèmèt ou fè analiz kritik pouw wè ki meyè desizyon pouw pran nan chak sityasyon.

Sa poko rivew ou wè timoun ki te pi "kreten" nan sal lan vin yon gwo antreprenè epi sak te pi fò yo ap travay avèl? Ebyen se ou ki pansel te kreten. IQ ou te pi avanse ke pal lan, men EQ li te plis avanse ke paw lan.

Yon jèn ki gen yon gwo IQ lèl fini lekòl, tout tanl pa jwenn travay sou karyè li pap travay, poutan sak gen yon gwo EQ, li ka fè tèt li mache poul bwase lari an poul viv, jeneralman yo di moun sa yo se moun ki fouge.

Senatè Willot Joseph te di nou sa yon jou, nou pat konprann. An realite li plis entelijan pase anpil nan nou ki fò nan matematik ak nan fizik. (Entelijan pa vle di magouyè non plis)

M fè pòs sa, se paske m wè anpil jèn Ayisyen redwi entelijans a 20 an lekòl. Wi lekòl bon pa gen manti nan sa, men si se sèlman IQ ou ki avanse ou pa travay sou EQ ou, ou pa plis ke yon robo ke yo plen sèvol ak yon bann konesans men ki sèlman pwograme pou yon sityasyon byen defini e ki pa ka fè tèt li travay an ka ou done yo ta chanje

Pale fransè pa vle di fò pou sa, sinon ti fransè ki gen 3 an pa tap palel sanl pa menm al lekòl. Ou entelijan se lè ou genyen kapasite pouw fè ekilib ant IQ ou ak EQ ou. IQ an se yon bagay kew fèt avèl, men erezman ou ka travay pouw devlope EQ ou.

E se pousa m te toujou dakò ak Montaigne ki te prefere yon tèt byen fèt sou yon tèt byen plen.

Moreno Jn Baptiste

11/12/2021

Adresse

Route Nationale #2
Gressier

Téléphone

+50939352090

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque R-One Photography publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à R-One Photography:

Partager