20/05/2024
Gwo problém, Gwo Bondye
Gen kék gwo pwoblém, sél Bondye k’ka rezoud yo.
Gen kék sityasyon sél li k’ka chanje’l
Se eksperyans mwen, m’ka temwanye sa
Gen kék gwo problém sél Bondye k’ka rezoud yo.
gen kék gwo batay sél Bondye k’ka genyen’l
gen kék sityasyon se li k’ka chanje’l
menm siw pa kwé sa, men sél sa mkonnen
gen kék gwo pwoblém sél Bondye k’ka rezoud yo.
choerus
non se pa ak kouraj pam
Men se ak pouvwa Lespri a,pouvwa Lespri Bondye a.
Batay sa pa batay pam
Men se Bondyem nan kap batay, se li kap batay pou mwen.
M’wé yon delivrans, mpa ka eksplike
Mwen wé gerizon pran plas doulém yo
Menm jan Lanmó pat ka kenbe Jezi
Anyen pap ka bloke delivrans mwen.
bridge
Forteresse mwen, refij mwen
Fós li pa chanje, Fòs li pa chanje
Sekou mwen, defansém
Fós li pa chanje, Fós li pa chanje
Oh oh oh oh
Fé gwo pwoblém yo konnen
Gen yon Bondye ki pi gwo
Pyés fléch pap ka atenn mwen
Fós li pa chanje
Li se boukliye mwen
Fós li pa chanje, fòs li pa chanje.