11/15/2017
Mwen rele Christine, mwen te lekòl nan you kolèj Pòtoprens, direktè kolèj lap ap plede dim li Renmen'm, li sedwi 'm li pwomèt mwen lap peye mwa yo pou mwen paske yo te toujou ap voye 'm tounen chak mwa paranm pat gen mwayen pou peye pou mwen li montre 'm li renmen 'm sikonstans lavi ak Tout bèl pawòl li ban mwen maten midi swa yo fè 'm vin arive renmen'l, mwen al nan relasyon seksyèl avèl plizyè fwa li dim pa mete pesòn okouran de relasyon li avè 'm, li fè 'm jete pitit pou li 2 fwa paske gwosès la ta pral fè moun konnen relasyon li avè 'm pandan mwen pral fè filo yo transfere direktè 'a nan you lekòl byen lwen nan Okap m'pa janm tande li pat vle 'm gen telefòn aprè 'm fin fè filo mwen jwenn you nèg ki vin epouze 'm nou marye aprè 6 zan maryaj mwen pa janm tonbe ansent, mari mwen Chase 'm li pati dèyè 'm ,li divòse avè'm, mwen vin rankontre 2 lòt nèg m'fè 2 zan avèk Chak san mwen pa janm tonbe ansent pou you 'n yo Chase 'm paske yo bezwen You pitit, mwen deside retounen kay paranm e mwen resevwa Tout sòt de mepri ak jouman sa fè 'm pase tout nwit mwen ap kriye e panse ak meyè fason pou 'm tuye tèt mwen, mwen al kay plizyè ougan m'pa janm jwenn you èd mwen vin al kay doktè, medsen yo deside detwi mwen e mwen pap ka pote you pitit, mwen vin reziyen 'm mwen konvèti mwen pran chemen legliz pase maten e nwit ap priye e kriye nan pye Bondye tout moun ap koupe 'm kout je yap trete 'm milèt bò lakay mwen paske 'm paka fè pitit gason pa machande 'm aprè 3 mwa priyè ak jèn mwen rankontre you jenòm malgre Tout sal dim mwen renmen 'l menm pè angaje 'm avèl akoz de pase 'm, m'pa janm konn si Bondye reponn priyè 'm e nèg la vrèman renmen 'm m'deside marye avèl , 2 mwa maryaj mwen poko janm gen règ aprè lune de miel twazyèm mwa mwen deside al lopital pou mwen al fè tès grosès e Doktè 'a dim mwen e m'pat janm ka kwèl jiskaske mwen vin akouche you .
Bondye gen pouvwa e li reponn priyè 'm e ou menm kap li temwayaj sa kwè ke Bondye ka fè you mirak nan vi 'w jodi 'a kèlkeswa pwoblèm ou genyen an paske avèk tout bagay posib.
Se sèl Jezi ki ka fè'w kado you pitit pa gen lòt ankò.
Amen
Pa neglije pataje temwayaj nan siw kwè nan delivrans Seyè 'a.