11/09/2026
Pou Vale yon moun pa mezire ak nasyonalitel men al sal kapap pote pou sosyeteaaa 👌
SANTIAGO RIVERÓN, OU DI AYISYEN SE SÈLMAN NAN RAMASE FATRA YO BEZWEN YO OUBYEN ITIL NAN RD!
SE YON MESAJ KI MONTRE KI KALITE MOUN OU YE.
Ban m eksplike w: Ayisyen ap bay kou ANGLÈ ak FRANSÈ nan lekòl dominikèn yo. Gen doktè, enfimyè ak pwofesyonèl ayisyen nan sistèm sante a e temwayaj anpil dominikèn montre ke AYISYEN yo se moun ki konpetan!
Ayisyen kenbe AGRIKILTI ak KONSTRIKSYON an vivan lakay ou, ou ka toujou pouse kò w men w konnen trè byen san AYISYEN, ekonomi peyi w espesyalman vil dajabon t ap tonbe a jenou. Yo travay nan otèl, resort, restoran, kondominyòm, antrepriz, sekirite ak plizyè lòt sektè bagay kè m pa kwè w gen ase fòmasyon ak kapasite pou yo.
Epi nan yon peyi tankou RD ki viv anpil de TOURIS, gen Ayisyen ki pale fransè, anglè ak lòt lang pou sèvi kliyan entènasyonal yo pandan oumenm ou sèlman konn lanse mesaj diskriminasyon pou w ka fè kapital politik ou!
Donk, sispann eseye fè moun kwè ke yon pèp antye sèlman itil pou RAMASE FATRA!
Wi, Repiblik Dominikèn gen dwa kontwole fwontyè li ak aplike lwa migrasyon li. MEN DEFANN LWA PA VLE DI IMILYE YON PÈP!
Pwoblèm lan se lè DISKRIMINASYON kont Ayisyen vin tounen prensipal diskou politik yon moun tankou w ak plizyè lòt k ap swiv menm kouran popilis la. Diskou w yo pa gen kontni, yo pa rive sou pèp dominiken an si w pa mansyone AYISYEN!
GEN MOUN KI GEN GWO TIT AK GWO POZISYON, MEN PI GWO BAGAY YO KONN FÈ SE DIVIZE MOUN, SE LANSE ATAK VÈBAL SOU JOUNALIS FANM AK LATRIYE
PANDAN GEN LÒT KI PA GEN MIKWÒFÒN, MEN CHAK JOU YO BAY KOURAJ AK FÒS YO NAN KONSTWI PEYI A AK MEN YO, AK ENTÈLIJANS YO AK TRAVAY YO.
AYISYEN PA YON FATRA!
AYISYEN PI FÒME PASE YON SERI FO NASYONALIS K AP JOURE JOUNALIS LÈ YO DESIDE BAY KONTRA AK MENM AYISYEN SA YO KE W AP DISKRIMINE A!
E M AP FINI POU M DI W, VALÈ YON MOUN PA MEZIRE AK NASYONALITE L, MEN AK SA LI KAPAB POTE POU SOSYETE A!
VERITE A PI FÒ PASE DISKOU RAYISMAN W GENYEN KONT AYISYEN YO! M ap di w kontinye fè diskriminasyon sou Ayisyen paske se li w konn fè pou popilarite, men pa janm bliye ke nou AYISYEN, nou se wozo, move van ka toujou sakaje nou kòm pèp, n ap retounen kanpe ankò yon jou! E y ap bezwen nou kanmenm yon jou! 🇭🇹