07/02/2026
Miragwann : Atelye fòmasyon sou Gichè Envestisman Teritoryal (GIT) ak Ajans Lokal Devlopman Teritoryal (ALDT)
Sou lobedyans Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MEKT), yon atelye fòmasyon te reyalize vandredi 6 fevriye 2026 la nan komin Miragwann sou Gichè Envestisman Teritoryal (GIT) ak Ajans Lokal pou Devlopman Teritoryal (ALDT).
Yon aktivite ki te rasanble plizyè kad nan sosyete a, tankou : inivèsitè, aktè nan komès ak endistri, manm laprès, agronòm ak antreprenè, pou n site sa yo sèlman. Objektif atelye sila a se te pou eklere aktè ak sektè sa yo sou wòl GIT ak ALDT kòm aspè enpòtan nan devlopman dirab kominote yo. Yon asistans ki byen anime pa responsab chaje dafè (MEKT) la, jounalis James Jean-Louis te mete aksan sou tout pwen akò yo ak dezakò yo sou GIT ak ALDT pandan tout seyans lan.
Nan kad brase lide, patisipan yo te fè plizyè pwopozisyon e yo te rive idantifye twa pwojè kle :
•yon pwojè ki kapab desèvi twa kominn (Ti Rivyè, Payan ak Fond-des-Nègres),
•yon pwojè ayewodwòm
•Yon pwojè pou mete Pò Miragwann nan sou nivo entènasyonal.
Aktivite sa a make yon etap enpòtan pou sitwayen Depatman Nip yo, ki depi plizyè lane ap tann yon devlopman depatmantal ki kapab reponn ak divès bezwen ekonomik ak sosyal yo.
-Love Production News. Top-love production news Écho Haïti Média Dim kiyès ou ye Média Tripotay Lakay Luckson Saint-Vil Journaliste Ti koze ak Lynn