07/07/2021
Plis pase 200 lane ke yo pa janm padone endepandans nou.
Plis pase 200 lane depi yap kreye zigzani.
Plis pase 200 lane nou pajanm konprann yap
itilize NOU kont NOU.
Plis pase 200 lane nap di aba entèl.
Plis pase 200 lane nap viv tankou fatra.
Plis pase 200 lane nou grangou pandan nap meprize latè men priyorize Èd kap non sèlman fè nou pi grangou, men pi soumi.
Plis pase 200 lane nou respekte etranje pase san nou.
Plis pase 200 lane nou pran Milat pou dye
Plis pase 200 lane nou pa janm gen on grenn lekòl Ayisyen.
200 lane nap vote moun nou pa konnen epi rayi yo ak tout nanm nou apre.
Plis pase 200 lane nap eseye vyolans.
Plis pase 200 lane nou fè ego nou pase avan pèp la.
Plis pase 200 lane nou menm pèp la nap vinn pi avèg, pi sòt, pi sovaj, pi chen, pi mechan, depi nou jwenn mil goud.
Plis pase 200 lane nap refoule konsyans nou.
Plis pase 200 lane ke nou pa panse pou sa kap vini apre 40, 50 lane.
Plis pase 200 lane nap mete tout pwoblèm nou sou kont on grenn moun ki la pou 5 lane ( Vle pa vle fòl ale ), nap mete tout lespwa nou sou Etazini.
Pandan nap fè salòp nan lari ya, bò lakay nou, pandan nap boule kraze lè nou fache, pandan nap rayi Sakap fè efò, pandan nap vann tout bagay a pri pa nou.
Pandan nou chak gen to dola pa nou, pandan nou chak ap fè peyi pa nou anndan Ayiti ya.
Pandan nap di nou pa vle diktati e montre klè nou pa Onèt e Entèg ase pou yo ta kite nou viv ak libète nou.
Nou jis bezwen on grenn bagay : yon ti KONSYANS
Ann asepte nou tout mete Ayiti la.
Ni sakap radote anpil pandan têt yo vid, pandan yo anime pa enterè
Pndan yo anvi fon ti s***e tou.
Ni sa k fè silans paske nan lespri yo, yo pa moun isit.
Si bato wa chavire, pati pa yo wa ap rete entak.
Ayisyen gade têt ou nan glas epi di MWEN SANTI.
Jodiya anpil moun choke pa lanmò on prezidan ke nou tap mande tout move bagay pou li chak jou Bondye mete.
Nou Ipokrit, nou lach.
Antouka
Mwen swete Ayiti tounen paradi nou pansel ye ya 🙏🏾
Kòm Djab la mouri 😏
Prezidan ale non
Lanmòw fèm mal menm jan ak lanmò polisye, Jounalis, Militan, machann, timoun ak anpil lòt inosan ou swadizan mechan ki tonbe dènye tan sa yo.
🕊🕊🕊🕊🕊🕊🕊🕊🕊🕊🕊