09/06/2026
Peyizan nan dezyèm seksyon komin Tòbèk Pèryen, leve vwa yo pou mande plis dyalòg ak transparans sou yon pwojè mache a.
Nan yon repòtaj nou reyalize jodi a, plizyè peyizan ak manm kominote a prezante enkyetid yo konsènan yon pwojè yo di ki ta dwe pèmèt konstriksyon yon mache sou yon espas ki gen plis pase 20 kawo tè, daprè temwayaj yo.
Peyizan yo presize yo pa opoze ak lide pou gen yon mache nan komin nan. Sepandan, yo di se fason pwojè a ap fèt la ki soulve anpil kesyon lakay yo.
Daprè moun nou te rankontre sou teren an, yo ta renmen otorite minisipal yo chita avèk popilasyon an, sitou moun ki konsène dirèkteman yo, pou bay plis eksplikasyon sou pwojè a, limit espas la, objektif li ak fason y ap jere tè ki konsène yo.
🗣️ “Nou pa kont mache a, men nou bezwen konnen sa k ap fèt la.” Se youn nan prensipal mesaj ki soti nan bouch peyizan yo.
Pou kounye a, kestyon prensipal la rete sou tab la: Ki jan pwojè a ap fèt, epi èske gen ase konsiltasyon avèk kominote ki konsène a?
Wid Image
Samedi 05 Septanm 2026