05/24/2026
Life on Pose Photo Competition rive nan FINAL.
Kiyès fotograf ki pral genyen pri yo?
Chè patisipan,
Nou rive nan dènye etap Life on Pose Photography Competition 2026, e mwen vle pran yon moman pou m di nou mèsi.
Mèsi paske nou te kwè nan vizyon sa a.Mèsi paske nou te itilize fotografi pou fè pase emosyon, mesaj ak refleksyon.
Depi premye etap la sou Solidarite, pase nan Rezilyans, rive nan Espwa, nou pa t sèlman ap pran foto. Nou t ap rakonte istwa. Nou t ap montre reyalite nou, fòs nou, doulè nou, espwa nou ak kapasite nou pou kreye menm nan moman difisil.
Li pral vrèman difisil pou jij yo fè chwa a, paske kalite travay nou yo depase tout sa nou te espere. Men kèlkeswa rezilta final la, mwen vle nou sonje yon bagay mwen te di nou depi premye rankont nou an: nou tout deja genyen.
Paske patisipasyon nou deja vo plis pase genyen yon pri.
Depi 23 mas rive jounen jodi a, nou tout deja grandi kòm fotograf. Nou aprann reflechi plis avan nou peze bouton kamera a. Nou aprann itilize limyè, emosyon ak konpozisyon pou fè pase yon mesaj. E sa gen plis valè pase nenpòt trofe.
Sa ki pi enpòtan an, se kominote n ap bati ansanm nan.
Life on Pose pa sèlman vle òganize yon konkou fotografi. Vizyon an pi laj pase sa. Nou vle kreye yon mouvman kote jèn kreyatè yo jwenn espas pou devlope talan yo, pataje vizyon yo, konstwi relasyon, epi sèvi ak kreyativite yo pou enfliyanse kominote yo pozitivman.
Nou vle montre ke fotografi pa sèlman kestyon bèl imaj, men yon zouti pou konsève memwa, bay moun yon vwa, ankouraje refleksyon, epi enspire yon nouvo jenerasyon kreyatè vizyèl.
Mèsi pou tan nou, efò nou, disiplin nou ak pasyon nou.Nou chak pote yon pyès enpòtan nan sa n ap konstwi ansanm nan.
Frantzy Pierre
Founder Life on Pose Photo Competition.