09/10/2026
MESAJ REKONESANS 😎🫂
Mwen vle pran yon ti moman pou m di mèsi ak tout moun ki, nan yon fason oswa yon lòt, te ede m rete djanm epi kontinye kontribye nan reyalizasyon 5yèm edisyon Interzone Nòdwès la, atravè imaj mwen te gen privilèj pwodwi pandan konpetisyon an.
Yon remèsiman espesyal pou reprezantan medya yo ki te fè m konfyans, ki te chwazi konfye m travay pou ede yo mete konpetisyon an an valè epi fè piblik la viv diferan moman li yo atravè imaj.
Mwen konnen toujou gen anpil bagay pou m aprann, anpil eksperyans pou m fè ak anpil nivo mwen vle rive. Men, lè m gade chemen mwen deja fè a, mwen pa ka pa fyè de kote m rive jodi a.
Mèsi ak chak moun ki toujou pran tan pou voye yon mesaj ankourajman ban mwen. Mèsi tou ak tout moun ki ankouraje m an silans, atravè yon like, yon pataj, yon abònman oswa tou senpleman lè yo pran tan pou suiv travay mwen sou paj Pierre a. Chak jès sa yo gen anpil valè pou mwen.
Travay sa a pa sèlman yon fason pou m eksprime pasyon mwen pou fotografi; se tou yon fason pou m patisipe nan devlopman foutbòl lakay nou. Mwen swete, nan lavni, kontribye plis toujou nan devlopman foutbòl la, lè m sèvi ak imaj pou m mete talan jwè yo, ekip yo, òganizatè yo ak tout bèl moman foutbòl nou an genyen an plis an valè.
Epi, pandan yon lòt etap ap pwoche, mwen swete jwenn opòtinite pou m kontinye travay sa a nan pwochen chanpyona D’1 paryaj lakay ke Ligue Haïtienne De Football -LHF ap kowòdone. Mwen pare pou aprann plis, amelyore travay mwen epi pote menm plis valè atravè imaj mwen yo.
Mwen kwè pi bèl bagay yo poko vini.
Mèsi pou konfyans lan. Mèsi pou sipò a. Mèsi paske nou kwè nan travay mwen.
Mr Pierre