07/25/2026
🇭🇹🗳️ ELEKSYON AN AYITI: KEP A PIBLIYE KALANDRIYE ELEKTORAL LA
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) remèt ofisyèlman kalandriye elektoral la bay gouvènman an.
📌 Men dat ki pi enpòtan yo:
• 🗳️ Premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif: 13 desanm 2026
• 🗳️ Dezyèm tou (si sa nesesè): 21 fevriye 2027
• 👤 Enstalasyon moun ki eli yo: 12 mas 2027
📝 Enskripsyon kandida yo ap fèt soti 20 dawout rive 2 oktòb 2026.
📣 Kanpay elektoral pou premye tou a ap kòmanse 5 oktòb epi l ap fini 12 desanm 2026.
📊 KEP a prevwa pibliye rezilta definitif premye tou a 9 janvye 2027. Si gen dezyèm tou, kanpay la ap dewoule soti 10 janvye rive 20 fevriye 2027, anvan eleksyon 21 fevriye a.
Kisa ou panse de kalandriye elektoral sa a? Bay opinyon w nan kòmantè yo.